CAN Community Health Logo
  • English
  • Español
  • Telehealth – Creole

    Avèk TeleHealth, pasyan yo kapab itilize yon òdinatè oswa yon aparèy mobil pou resevwa sèvis swen sante delwen epi pou satisfè bezwen swen sante yo. Yon pòtay pasyan sou entènèt ap pèmèt pasyan yo wè rezilta tès yo pran randevou, mande renouvèlman medikaman sou preskripsyon oswa imèl yon doktè.

    Telehealth pèmèt yon pasyan diskite sou sentòm, pwoblèm medikal, ak plis avèk yon pwofesyonèl swen sante nan tan reyèl nan yon koutfil nan videyo. Avèk tele medicine, yon pasyan kapab resevwa dyagnostik, aprann chwa tretman yo epi resevwa yon preskripsyon.

    Gade videyo a pou aprann fason ou kapab vizite yon pwofesyonèl swen sante pandan ou lakay ou.

    Si ou se yon nouvo pasyan, tanpri klike la a.

    Klike la a pou enstriksyon etap pa etap sou aksè Telemarya.

    Kesyon Jeneral yo

    • Ki navigatè ki konpatib?

      Mozilla Firefox, Google Chrome, ak Safari are konpatib avèk anviwònman Java Runtime ki enstale. Si ou gen pwoblèm pou antre vizit ou, tanpri eseye avèk yon navigatè 32 bit.

    • Èske mwen kapab wè TeleVisit mwen apre randevou mwen?

      Non, TeleVisit yo pa anrejistre.

    • Ki kalite vitès entènèt ki rekòmande?

      Nou rekòmande pou ou konekte nan Healow TeleVisit ou avèk yon koneksyon entènèt ki gen yon vitès telechajman minimòm 2MB/segonn.

    • Mwen gen ralantisman pandan vizit mwen. Kisa ki lakòz pwoblèm sa a? Kijan mwen kapab rezoud sa?

      Pwoblèm avèk entènèt la sou swa oumenm oswa pwofesyonèl swen sante a kapab lakòz ralantisman/blokaj tanzantan oswa pandan vizit la.

    • Mwen te fèk fini sesyon an avèk pwofesyonèl swen sante mwen epi mwen te bliye fè li konnen sa, èske mwen kapab rele li ankò? Kijan mwen kapab jwenn li rapid?

      Pi bon fason pou kontakte pwofesyonèl swen sante ou apre sesyon an fini se rele klinik la dirèkteman. Menmsi ou kapab wè TeleVisit sou pòtay pasyan ou, pwofesyonèl swen sante ou pa ka wè ou te retounen nan sesyon an.

    Anvan vizit la

    • Kijan pou mwen konnen si sistèm mwen kapab rezoud TeleVisit yo?

      Asire ou gen dènye vèsyon navigatè a enstale. Tanpri klike (lyen ki mennen nan tchèk konpatibilite) pou mennen sistèm ou nan tchèk konpatibilite. Tchèk konpatibilite a ap asire ou genyen sa ou bezwen pou Healow TeleVisit ou.

    • Ki kote randevou mwen ye?

      Dènye randevou Healow TeleVisit pral disponib sou paj‐ekran tablo bò a lè ou konekte. Si ou toujou pa wè randevou ou, klike sou bouton "More appointments" (plis randevou) ki anba aparèy la, oswa klike sou lyen "Upcoming Appointments" (pwochen randevou yo) ki agòch panèl navigasyon an.

    • Mwen pa kapab wè okenn imaj sou paj‐ekran mwen nan Healow TeleVisit. Kijan mwen kapab rezoud pwoblèm nan?

      Kòmanse eseye klike adwat sou imaj la epi chwazi yon lòt kamera. Si sa pa travay, fèmen tout fenèt navigatè a tcheke koneksyon fizik yo nan òdinatè a, epi eseye TeleVisit ankò. Ale nan tchèk konpatibilite.

    Fason pou antre kesyonè/siy vital yo ak fason pou tcheke konpatibilite

    • Mwen te telechaje modil ekstansyon Healow‐TV, men mwen toujou ap jwenn endikasyon pou enstale li ankò.

      Fèmen tout fenèt navigatè a epi tcheke vèsyon Java ou te enstale a. Si ou nan yon òdinatè ki gen Windows, navige nan control panel, epi chèche Java. Klike sou Java  onglè Update tab  Now (Modifye Kounye a) epi swiv endikasyon ki parèt yo. Re‐limen tout navigatè yo epi eseye ankò.

      Pou òdinatè Mac yo, klike sou Ikòn Apple ki anlè agòch paj‐ekran an, ale nan System Preferences, klike sou Ikòn Java pou jwenn Java Control Panel pou modifye Java. Tanpri fèmen tout navigatè yo epi eseye ankò.

    • Lè randevou mwen pase lontan epi mwen poko konekte avèk doktè mwen. Kisa mwen kapab fè?

      Asire ou nan saldatant vityèl la endikasyon ap parèt konsa "Waiting for (Doctors Name)." Si ou wè mesaj sa a epi ou toujou pa kapab konekte tanpri kontakte klinik ki te pwograme randevou ou.

    • Mwen pa kapab antre nan saldatant vityèl la

      W ap kapab sèlman antre nan saldatant lan pou TeleVisit ou lè ou nan 30 minit tan ou ki pwograme a. Bouton "Start TeleVisit" pral parèt an koulè oranj lè ou kapab antre nan vizit la.

    Pandan koutfil nan videyo a

    • Mwen pa kapab tande doktè mwen. Kisa mwen kapab fè?

      Tcheke paramèt volim ou. Pifò machin gen paramèt volim yo nan ba tach yo (task bar).

    • Videyo mwen bloke oswa li pa bouje, kisa k ap pase?

      Pa gen yon pèt memwa koneksyon nan entènèt la. Tanpri rete tann pou wè si videyo a estabilize. Epitou, asire ou pa t klike sou bouton pause (pòz) nan vizit ou.

    • TeleVisit mwen te fèk dekonekte akòz yon blakawout. Kijan pou mwen konekte ankò nan TeleVisit mwen? Èske mwen dwe rete tann doktè a pou rele mwen?

      Tanpri konekte nan pòtay pasyan ankò epi retounen nan TeleVFisit ou. Si pwofesyonèl swen sante ou pa parèt, tanpri rele klinik doktè a pou fè yo konnen ou retounen nan sesyon an.

    Skip to content